Hotdrops layer 2
@HotdropsLayer2
Agence de nouvelle en ligne. Téléphone: (+509) 4841 7935. email: [email protected] . Ce media en ligne fondé le 9 juillet 2020.
You might like
Nou se @centrealaune, jounal anliy tout peyi a. Nou bay tout kalite nouvèl. Nou nan vil kou andeyò. Enfòmasyon nou yo kredib e verifye. Abòne pou w ka toujou rete enfòme !
Jounen dimanch 16 avril 2023 a ki make egzakteman 7 jou depi bandi nan Pòtoprens te fizye 3 polisye, jodi a ankò, zòn Duval Nan Kwadèbouke, polisye #SamuelFrançois asasinen anba kout bal bandi, pandan li t ap ale travay. N ap raple, sa fè deja 19 polisye ki tonbe pou ane 2023 a.
Prezidan brezilyen an, @LulaOficial, ki akize Etazini ak Ewòp ki vle pwolonje konfli #Larisi_Ikrèn nan, fè konnen 16 avril 2023 a li diskite ak Lachin epi Emira Arab Ini yo, pou jwenn yon akò ant divès peyi li rele #G20politik, k ap gen misyon ede rezoud konfli a pou tout bon.
"National Aeronautics and Space Administration" #Nasa ki se yon se yon ajans gouv. ameriken ki fè rechèch epi veye sou linivè a, di y ap prepare pou ale esplore planèt #Mas epi loje ladan li 4 moun nan mwa jwen an, nan yon kay ki enprime an 3D. Se mesaj @FRANCE24 15 avril 2023 a.
Prezidan Repiblik Dominikèn nan @luisabinader, entèdi tout Ayisyen Etazini ak Kanada sanksyone pou dròg ak koripsyon, sitirè gang yo rantre Sendomeng. Abiner pran desizyon sila 14 Avril 2023 a nan yon kominike.
#Foutbòl ]Aktyèl gadyen seleksyon an Kerly Théus ak ansyèn kapitèn seleksyon U20 an, Esthericove Joseph te la pou akeyi pasaj twofe orijinal koup dimond foutbòl fanm nan, nan Pòtoprens Ayiti samdi 15 avril 2023 a.
Twofe koupdimond fanm la k ap oganize ane sa a ap fè eskal an Ayiti jounen samdi 15 avril 2023. FHF pa fè gwo annons sou sa. Seremoni an ap fèt an absans majorite manm foutbòl Ayisyen an ak pèsonalite ki make foutbòl fanm nan peyi a, daprè sous konfyans @rtvgalaxie
Selon yon kominike OCHA (@OCHAHaiti) mete deyò jedi 13 Avril 2023 a, Nasyonzini (@UNHaiti ) lanse yon apèl pou kolekte fon pou Ayiti a yon otè 720 milyon dola pou plis pase 3 milyon Ayisyen ki nan mizè. @centrealaune
Aktyèl Direktris CAS la #EdwinTonton, ansyen kontab Pierre Richard Valles ak Yvrose Alcide, entèdi pou kite peyi Ayiti, paske yo gaspiye lajan Leta. Se aprè rapò @ULCCHaiti a jij Jean Wilner Morin fè demann nan ak DIE jodi 14 avril 2023 a. @Washing40404571 @centrealaune
Minis sante piblik Ayisyen an, #AlexLarsen, ki t ap pale nan jounen mondyal sante a vandredi 14 avril 2023 a, fè konnen genyen 122 seksyon kominal an #Ayiti ki pa genyen okenn enfrastrikti sanitè epi se mwenske 4% nan bidjè a ki alwe ak ministè l ap dirije a. @centrealaune
#Foutbòl] Nan yon tiraj osò ki fèt pou chanpyona @GoldCup la vand 14 avril 2023 a, Ayiti trouve li nan groupe B ki gen : Meksik, Ondiras ak Kata. N ap raple, Gold Cup la ap deroule soti 24 jen rive 16 jiyè k ap vini an nan peyi Etazini. @centrealaune @fhfhaiti @QFA_EN
#AYITI : Demand paspò | Nan biwo imigrasyon ki nan Dèlma 33 a nan Pòtoprens, polisye yo anpeche sitwayen ki vin depoze dosye yo entegre espas biwo a, malgre yo mache ak prèv kote se aplikasyon #DELIDOC la ki voye yo nan biwo a. Sa pase maten vand 14 avril 2023 a. @centrealaune
YouTube #oblije fèmen chanèl chèf gang Izo a, ki toujou prezante lajan, lò li fè nan kidnaping. YouTube pran desizyon an 13 avril 2023 a, gras ak yon petisyon kèk Ayisyen te lanse, aprè chèf gang nan te resevwa yon plak yo bay kreyatè kontni ki rive a 100 000 abòne. @MiamiHerald
Gwo dife eklate nan lokal Fakilte Agwonomi (UEH) nan Damien Ayiti nan sware jedi 13 avril 2023 a. Dife a ravaje laboratwa chimi, mikwobyoloji, depatman syans ak teknoloji aliman. Responsab yo di yo poko konnen ki orijin dife a. @centrealaune
Ekspansyon vyolans gang ame yo, chòk ekonomik, feblès pwodiksyon agrikòl ak feblès asistans alimantè imanitè lage 4.9 milyon Ayisyen nan ensekirite alimantè. Fenomèn grangou a ka rezoud, sin aji kounya. Se worldVisionHaïti ki rapòte sa 13 Avril 2023 a. Washington FLORVIL.
#Etazini | Jack Teixeira, yon manm Gad Nasyonal Ayeryen #Massachusetts ki gen 21 lane, jwenn arestasyon li jounen jedi 13 avril 2023 nan kad ankèt y ap mennen sou dosye #dokiman_klasifye ki te pibliye sou entènèt la jou pase yo. Mwenske yon semèn aprè, #FBI deja arete Jack. @cnni
#Venezyela | Ant 11 e 14 avril 2002, Etazini, Lespay ak opozisyon an te fè yon tantativ koudeta kont #Chavez. Malgre yo te arete l epi mete Pedro Carmona asire plas li a, sa pa t anpeche fòs militè a ak yon manifestasyon popilè te brize sa e retabli #kòmandan an sou pouvwa a.
Nan kad yon diskou li pwononse pandan vizit li nan peyi Lachin, soti madi 11 pou rive vandredi 14 avril 2023 a, prezidan brezilyen an @LulaOficial fè konnen fòk yo ranfòse chak jou plis wòl #Bank_BRICS¶ la pou yon mond meyè. ¶BRICS (Brezil, Larisi, End, Lachin, Afrik di Sid)
#Editoryal : Asasina prezidan Jovenel Moïse | E si Etazini twouve se radiyès pyon Larisi a Tèks: @sadraxulysse / @SerondierL Pwodiksyon: @centrealaune facebook.com/10006363146288…
Gouvènman peyi #BurkinaFaso a dekrete, jedi 13 avril 2023 a, yon mobilizasyon jeneral pou fè fas ak kriz sekirite peyi a ap travèse, ki genyen yon ogmantasyon nan atak #teworis yo. Se sa otorite yo pibliye nan yon nòt pou laprès, aprè nan konsèy Minis. @centrealaune
Inyon Ewopeyen sanksyone jedi 13 avril 2023 a òganizasyon #Wagner pou patisipasyon aktif li nan gè Larisi-Ikrèn nan. Gwoup sa a te deja sanksyone nan mwa fevriye pase a sou yon lòt lis sanksyon #InyonEwopeyen, paske l te vyole dwa moun ak destabilize divès peyi an Afrik.
United States Trends
- 1. Luka N/A
- 2. Lakers N/A
- 3. Clippers N/A
- 4. #TheTraitorsUS N/A
- 5. #River N/A
- 6. Rublev N/A
- 7. Kawhi N/A
- 8. Colton N/A
- 9. Vando N/A
- 10. Ayton N/A
- 11. Iva Jovic N/A
- 12. #criticalrolespoilers N/A
- 13. Maki N/A
- 14. #thepitt N/A
- 15. jihyo N/A
- 16. Ari Lennox N/A
- 17. Paolini N/A
- 18. #TNAiMPACT N/A
- 19. Autopilot N/A
- 20. Draymond N/A
You might like
-
Kesner Pharel
@PharelKesner -
Terminal Varreux
@TVarreux -
Sénateur Steven Benoit
@SenateurBenoit -
Passion Info Plus
@passioninfoplus -
Unité Hydrométéorologique d'Haïti - UHM
@uhmhaiti -
Hans Joseph
@hansjosephl1 -
Clin D’oeil
@clindoeilinfo1 -
Dèyè Mòn Enfo
@DeyeMonEnfo -
Radio Télé Monopole
@RTmonopole -
Port-au-Prince Post
@papposthaiti -
Fritz Alphonse Jean
@Fritzalphonsej -
Émancipation FM (90.7) PauP, Haiti
@telemancipation -
Impulse Web Medias
@IWebmedias -
L'Exclusivité
@Lexclusivit1 -
Barreau de Port-au-Prince
@BarreauPaP
Something went wrong.
Something went wrong.