KonpèLojik
@antoniso
LOJIK. KONESANS. LASYANS. METAFIZIK. ESPIRITYALITE. MOUNIZASYON.
You might like
5 Siy Ke w Se Yon Entwovèti - Ou envèsti anpil tan nan rete pou kò w, ou alèz konsa - Ou ka santi w sèl menm nan mitan yon foul moun - Ou souvan gen yon monològ entèn ki okipe lespwi w - Se lè w sèl ou fè pi bèl refleksyon, lè w pami moun ou timid amò - Ou doute otantisite w
Si fanm nan se yon èskòpyon ♏️, ou mele patizan. Ranje kò w paske w pwal santi w ap mache sou ze fele.
Si l renmen w l ap mete w nan kondisyon pou w epanouyi e jwenn moso rezon pou w viv. Li p ap anpeche w fè sa k pote lajwa pou ou. Li p ap yon obstak pou akonplisman rèv ou. Ou wè tout enplikasyon lanmou an pote? Alò, se yon santiman ki aktif li pa pasif.
Gen moun se jis pou yon sezon yo vini nan lavi w. Ou dwe aprann konn sa epi gen disèneman pou w evite enkli yo nan pwojè alontèm ou yo.
Lòt jou m ap li yon tweet Elon Musk, li di yon koze e m ap parafraze “M konprann moun ki te di lajan pa fè bonè an”. Li tèlman pi fasil pou moun ki pi rich lan pale sou lajan yon fason banal. Men m wè sa l vle fè pase an, nati lòm ensasyab, nou toujou chèche sa n pa genyen deja.
Ekilib pou n chèche, pa fè twòp ni pa ret san fè anyen. Eseye balanse tout sa n ap fè pou moralite n pa panche yon bò. Eksè nwi nan tout bagay, menm nan sa k pot plezi. Reyalite n pa janm fin nwa ou blan nèt, toujou gen yon ti nyans grizat k ap banbile nan perimèt la.
Yon moun dwe toujou chèche lapè ak èstabilite andedan l olye l chèche l deyò paske ofinal mond pafè nou souvan reve an se nou ankò ki dwe kreye l.
Pafwa pou n ka vrèman jwi moman prezan a nan plenitid li, nou oblije fè vid nan lespri n pandan n inyore sa k ap pase akote n. Preyokipasyon n pou aktivite eksteryè, dram e deblozay kotidyen yo se katalizè k ap andisi kè n, efase souri n epi aktive sinyal depresyon n.
Pafwa fanm nan kriye lè l ap bobo w patizan, se pa anyen dwòl non. Li jis sonje valè mizè l pase pou lanmou. L ap rememore move moun yo lè l te bay tout kè l e pat twouve anyen an retou. Konya, li resi ka goute e rejwenn vrè lanmou l te swaf la nan moman l pa t ap menm chèche l.
Anpil fwa n ap fòse kouri avan n aprann mache. Nan gen foli boule etap akoz enpasyans nou, n ap nwaye nan yon oseyan ensètitid ki alafwa enpwodiktif e kontrenati.
Gen yon ti chante ki di e m ap parafraze “Nou gen plizyè vi men yon sèl gran istwa lanmou”. Daprè sa m konprann se envès la ki vrè, m anvi di “ Nou gen plizyè gran istwa lanmou pou yon sèl grenn eksperyans teryen”. Tan an pa menm ase pou n ta fin konnen nèt chak moun nou damou.
Nou pa yon senp kò k ap bouje. Nou se pito yon lespri ki soti nan mond entèlijib, nou prete yon kò pou n fè yon eksperyans sou latè. Lanmò pa yon fatalite, li jis fè n tounen kote n te soti an anvan n te sibi pwosesis enkanasyon an.
Pa janm bay twòp eksplikasyon. Rezon an senp, plis w ap fè efò eksplike moun ki pa menm vle konprann w ap di se plis w ap sonnen fèb nan zòrèy yo. Pafwa li bon pou w kite moun yo fè devinèt ak pawòl ou. Kite mistè plane pou yon ti moman, sa p ap fè pèsonn mal.
Nan boul figi w, li ka prefere mande yon etranje yon sèvis olye l mande w menm si w deja demontre l plizyè fwa ou la pou li e w ka menm dekwoche lalin si l ta mande w sa. Lè konsa, pran frap la ak kouraj, travay sou ou pou w dezaktive lanmou an epi priye pou w jwenn moun pa w la
M kòmanse pran lapèrèz ak santiman sa a ki fè m renmen solitid mwen twòp. M pè pou pa gen mo ki fò ase yon moun ka di m pou brize melodi silans nanm mwen kreye lè m pou kò m.
Pa renmen amwatye, renmen ak tout kè w, viv moman prezan an, eksprime sa w santi nan tout entegralite l. Si sa pa mache, sa jis pa mache, “just move on”. Men li pa vo anyen pou w kite dout ak dezyèm panse antrave tout eksperyans santimantal ou ak yon moun. Fò w aprann bese lagad.
Pa fache ak tèt ou paske w te konn fè byen pou moun sa ki trayi w jodia. Nan lavi, sa w genyen se sa w bay. Kè w pwòp se pou sa w te aji jan w aji an. Pran leson nan trayizon an pou w ka fè pi bon jijman alavni men pa janm eseye chanje kè w pou okenn vye trèt.
Anpil fwa moun ki sensè avè w la, sa k cool la e ki montre w li ka viv lan se pa li kè w vle, se sila a k ap fè dram lan ki atire l. Alèkile fò n kòmanse fè jèn pou n monte nivo lafwa n pou n ka flanke kè n yon baboukèt pou l sispann fè n fè tenten nan atire move enèji sou nou.
Gen yon etap krisyal chak moun dwe antreprann nan lavi yo, se lè w chèche konnen kiyès ou ye. Lè w fin boukle etap sa a w ap ka fè lapè ak tèt ou. Lè sa a opinyon lòt moun p ap afekte w epi validasyon yo p ap enterese w ankò.
Eklezyas te di gen yon tan pou chak bagay, sa se vre wi. Gen yon tan pou w kontan, gen yonn pou w kriye. Gen yon tan pou w gen kòb, yonn pou w razè. Gen yon tan pou w santi w anfòm, yon lè pou w mòlòlò. E si w te dwe jis aksepte chak peryòd nan vi w san w pa eseye fè entèferans?
Nan relasyon yo gen moun ki panse yo dwe jwenn trètman spesyal yon fason otomatik. Retire sa nan tèt ou, se yon ilizyon l ye. Pèsonn pa dwe w okenn favè ou trètman spesyal si w pa dabò poze aksyon ki fè w merite sa. Ou spesyal pou yon moun inikman lè w fè koze spesyal pou li tou.
United States Trends
- 1. Deen N/A
- 2. Cronin N/A
- 3. Namjoon N/A
- 4. #River N/A
- 5. Tiki Ghosn N/A
- 6. #LCDLF6 N/A
- 7. Tom Noonan N/A
- 8. JT Toppin N/A
- 9. Arizona State N/A
- 10. UCLA N/A
- 11. Nebraska N/A
- 12. Vini N/A
- 13. Iowa N/A
- 14. Ash Wednesday N/A
- 15. June Carter N/A
- 16. Ramadan Mubarak N/A
- 17. Bobby Hurley N/A
- 18. $HACHI N/A
- 19. Pope N/A
- 20. Johnny Cash N/A
You might like
-
Débat Sentimental
@debasentimental -
DJ DOMGS HAÏTI
@DDomgs -
Le pharmacien 🇭🇹
@CaristilBecheny -
ShelEd19❤️
@SherleyEd19 -
Sébastien Joseph
@Johanwsebastien -
Pablo Lucas
@FilipOfisyel -
Hugh Skywalker 💫💥
@ZoeThaMaDaFaKa -
Rasin 🌴 San Bout 🥇
@Dante291088 -
J. D. GANTHIER
@dalaicham -
Kevor Lior💙❤️
@kevorlior -
ElCe Thethoughone VwaRezoYo
@thethoughone -
NerTech ™ 🫧
@big0___ -
Mawon Ann Di Èzli 🤴🏿✊🏿
@mawonanndi -
Sajous Gelumer
@SajousGelumer -
Pyelila
@pyelila
Something went wrong.
Something went wrong.